LOLO GRAPHIX ACADEMY · Graphique design
Photoshop Masterclass : Soti nan Debitan pou Vin Ekspè!
Photoshop Masterclass se yon fòmasyon konplè ki fèt pou ede w metrize dizay grafik tankou yon pwofesyonèl. Nan kou sa a, w ap aprann itilize zouti Photoshop yo, kreye afich pwofesyonèl, retouch foto, fason pou kreye bèl…

LOLO GRAPHIX ACADEMY
À propos de cette formation
Photoshop Masterclass se yon fòmasyon konplè ki fèt pou ede w metrize dizay grafik tankou yon pwofesyonèl. Nan kou sa a, w ap aprann itilize zouti Photoshop yo, kreye afich pwofesyonèl, retouch foto, fason pou kreye bèl vizyèl ki gen gwo enpak epi fason pou monetize konpetans ou pral devlope yo.
Ou pral dekouvri tou yon workflow pwofesyonèl, pou w ka travay pi vit, pi pwòp, epi pi efikas, menm jan ak yon vrè designer. Anplis de sa, w ap aprann kijan pou konbine Photoshop ak AI pou fè travay ou vin pi fasil, ogmante kreyativite w, epi fè entèlijans atifisyèl vin yon gwo atou nan pwodiksyon w yo.
✅ Sa w ap aprann nan kou a:
- Kreye afich, flyers, banners ak lòt vizyèl
- Retouch foto pwofesyonèl
- Workflow pwofesyonèl pou travay pi byen
- Itilizasyon AI pou amelyore design ou yo
- Konsèy ak teknik pou fè lajan ak grafik dizay
💸 Kou sa a pa sèlman fèt pou w aprann kreye bèl imaj, men tou pou ede w konprann kijan pou itilize konpetans ou nan grafik dizay pou fè lajan, devlope sèvis ou, epi grandi kòm yon pwofesyonèl nan domèn nan.
Photoshop Masterclass se chemen pa w pou pase soti nan senp enterese rive nan yon dizaynè ki gen nivo, kreyativite, ak estrateji pou reyisi.
Pa kite talan w rete sèlman yon pasyon!
Se moman pou w pran konpetans ou nan grafik dizay nan yon lòt nivo, metrize Photoshop, pwofite pouvwa AI epi aprann transfòme kreyativite w an yon sous revni.
Enskri nan Photoshop Masterclass la depi kounye a!
Pa sèlman aprann fè bèl design, aprann fè lajan ak yo!
Klike sou bouton « Enskri Kounye a » pou w kòmanse avanti w ak Lolo Graphix!
Programme du cours
0 leçonsLe programme sera présenté ici dès sa publication.
Avis clients
Aucun avis pour le moment